OAGB on Clubhouse

OAGB Clubhouse
3 Members
Updated: Mar 25, 2024

Description

Bonjour ou Bonsoir

Si ou resevwa lèt sa'a se paske ou se moun'n Grand Berard oubyen ou gen yon gran paran ki soti Grand Berard.
Rezon lèt la, se pou mwen ka sansibilize tout moun'n ki soti Grand Berard yo, pou yo mete tèt yo ansan'm men'm jan ak tout lòt kominote ap fè pou yo ka devlope zòn kote yo soti yo. Se pou rezon sa’a nou mete yon komite sou pye ki rele ORGANIZATION OF THE ADVANCEMENT OF GRAND BERARD CORP, (O.A.G.B.), ki deja legal nan eta floride la, IRS EIN # 82-4787104l5 e avèk yon bank account ki ouvè nan PNCBank sou non organization an, nimero checkong nan se 1231489004 pou nou ka kolekte pou nou ka devlope zòn Grand Berard, Paske rèv la anpil e nou ap bezwen men pou nou ka fè: LEKOL GRATIS, SANT SANTE, DLO POTABLE, ROUT E ELECTRIK ect…..

Ou wè projèt yo anpil e yo bèl, men lè wap gade eta Grand Berard avèk projèt Mwen di yo, ou ta men'm vle mete nan tèt ou ke mwen pèdi tèt oubyen mwen fou nèt pou mwen ap vin pale de bagay konsa pou Grand Berard. Ebyen non Mwen pa pèdi tèt Mwen e non Mwen pa fou di tou, Paske si Tomas Edison te koute moun'n lè li te vle creye anpoul electrik la, jus ka prezan nou pa tap gen anpoul electrik e nou tap toujou nan fè nwa. Se pou mwen di nou pa gen rèv Ki pa realize depi gen tèt ansan'm.

Sa vle di wi nou ka change eskanp figi GRAND BERARD, lè nou tout mete men nou ansan'm pou nou pote kole pou nou change GRAND BERARD pou tout bon. Se sak fè map mande'w kèl kèl ke swa mwayen ke ou ka bay la piti ou gro, pou bay li pou grand Berard, chak semène ou byen pa mwa, pou nou ka mete ansan'm pou projèt nou genyen pou grand Berard. E souple pa panse ke kòb sa'a pral nan pòch yon moun'n, non pa di tou epi nou tout genyen pou nou kòmanse wè changement projèt yo

Last 30 Records

Day Members Gain % Gain
March 25, 2024 3 0 0.0%
February 04, 2024 3 0 0.0%
December 21, 2023 3 0 0.0%
November 09, 2023 3 0 0.0%
October 10, 2023 3 0 0.0%
September 10, 2023 3 0 0.0%
August 12, 2023 3 0 0.0%

Charts

Some Club Members

More Clubs